Lavi ou kapab mouvmante, sitou lè w ansent oswa lè w ap okipe yon nouvo tibebe. Pa bliye lè w pran swen tèt ou, se lè sa ou pare pou pran swen lòt moun.
Lè w pran swen tèt ou, sa ede w santi w byen nan kò w ak nan lespri w. Suiv konsèy senp sa yo pou w ka santi w anfòm!
Fè atansyon ak jan w santi w. Adapte swen pèsonèl ou a pou li reponn ak bezwen w yo k ap chanje. Lè w santi w tris, fatige oswa estrese, ou ka oblije pran swen tèt ou plis.

Èske w te konnen 42% nan gwosès yo pa planifye? Se poutèt sa tout fanm ki prevwa tonbe ansent ta dwe pran yon miltivitamin ki gen 400 mikwogram asid folik chak jou.

Ou pa ka achte manje ki bon pou lasante? Enskri nan lòt pwogram yo tankou SNAP. Jwenn yon sant distribisyon manje lokal pou w ka gen plis manje gratis.
Anpil nan nou pa manje byen jan nou ta dwe manje a, sitou lè nou se paran ki okipe. Men fason pou w manje pi byen:
Fikse objektif pou manje byen gras ak aplikasyon Kòmanse Senp avèk MyPlate la.
Aktivite fizik la ba w plis jèvrin epi li pèmèt ou santi w anfòm. Epitou, li pèmèt ou diminye estrès epi li kapab fè w repran pwa w te genyen anvan gwosès la. Ou kapab chwazi aktivite ou renmen fè yo epi amize w pandan w rete aktif!


Fè yon plan aktivite chak semèn ki gen ladan l aktivite pou lè ou poukont ou, ak lè w ap okipe tibebe w la. Ou kapab kòmanse piti avèk sèlman senk (5) minit aktivite. Tout ti aktivite fè sans!
WIC bay fòmasyon, konsèy ak resous pou ede manman yo fè fas ak difikilte yo epi atenn objektif alètman yo a. Rele Konseye WIC nan zafè Alètman ou an nenpòt lè pou l ka ba w sipò.




Si w santi w tris oswa enkyete pandan plis pase de (2) semèn, pale ak pwofesyonèl swen sante w la. Mande èd san pèdi tan si w gen lide fè tèt ou mal oswa fè tibebe w la mal.
Chwa ou fè jounen jodi a ap afekte sante fanmi ou jodi a ak demen. Move abitid, tankou konsomasyon alkòl, tabak, kanabis ak lòt dwòg kapab nwi sante fanmi ou.
Fanm ki bay tete yo souvan vle konnen ki sibstans ki kapab pase nan lèt la al jwenn tibebe yo a.
Pale avèk pwofesyonèl swen sante w la sou tès pou swen prevantif ak vaksen pou ou menm ak fanmi w.
WIC kapab ede ou menm ak fanmi ou jiskaske pitit ou a gen 5 lane.