New Jersey Wic

Pran Fè pou Rete Djanm

Enpòtans Fè Genyen

Fè se yon mineral enpòtan ki pote oksijèn nan kò nou. Pifò moun kapab pran ase fè nan manje yo ap manje pou reponn ak bezwen fè kò yo genyen, men fòk se nan bon manje a.

Fè a ede avèk:
Kiyès ki bezwen plis fè?

Lè ou pa genyen ase fè nan san w, ou anemi.

Men ki jan yon moun ki anemi oswa ki gen tikras fè nan san l ka ye:

Manje ki Gen Anpil Fè

Nou jwenn pifò fè nou bezwen nan manje nou manje yo.

Men sous fè yo:

Grenn sereyal ki anrichi ak fè (pen, tòtiya, diri konplè, pat alimantè)

Legiminez (ti pwa, gwo pwa, lantiy)

Vyann wouj ki mèg, pwason, vyann poul, vyann kodenn

Legim fèy vèt ki fonse

Ze

Tofou

Sereyal WIC apwouve yo

Fwi sèk

Vitamin C

Vitamin C a pèmèt kò ou absòbe fè. Mete manje ki gen vitamin C yo avèk manje ki gen anpil fè yo.

Sous Vitamin C yo se:

Eseye melanje manje sa yo ki gen Vitamin C avèk manje sa yo ki gen fè:

Konsèy pou ka Pran Ase Fè

Manje tout kalite manje pandan jounen an. Pifò manje ki bon pou lasante yo genyen ti kantite fè ladan yo. Kidonk, manje nan tout gwoup manje yo. Asire w manje manje ki gen anpil fè chak lè w ap manje.
Fè atansyon ak sa w ap bwè. Kafe ak te kapab fè kò ou gen difikilte pou l absòbe fè a. Si ou bwè kafe oswa te, bwè li nan mitan repa yo.
Si ou ansent, pran vitamin prenatal ou yo. Yo genyen fè anplis. Pa bliye pou pran vitamin oswa sipleman fè si pwofesyonèl swen sante w la rekòmande w li.
Manje yon manje ki gen vitamin C lè w ap manje manje ki gen anpil fè yo. Vitamin C a pèmèt kò ou absòbe fè.
Lè w ap manje manje ki gen anpil fè, limite kantite lèt, fwomaj ak yogout ou pran an menm tan. Pwodui lèt yo se yon bon sous kalsyòm ak pwoteyin men yo pa yon bon sous fè. Kalsyòm ki nan pwodui lèt yo kapab anpeche kò w absòbe fè ki nan manje a. 16 a 24 ons lèt pa jou se kantite lèt pou yon timoun bwè.

Fè pou Tibebe ki Pi Gran Yo

Ou ka bay tibebe yo sereyal tibebe ki anrichi ak fè ak vyann pire apati sis (6) mwa. Kontinye ba yo tete oswa lèt nan bwat pou tibebe ki anrichi ak fè jiskaske yo gen 12 mwa.

Sereyal Legim Pwoteyin
ant 8 ak 9 Mwa

Sereyal pou tibebe Pen konplè san melanj, Diri oswa pat alimantè san melanj

Bwokoli, ti pwa, chou frize ak epina ki kuit, pase nan paswa oswa ki kraze

Vyann oswa vyann bèt volay ki pire, moulen oswa ki rache fen

ant 10 ak 12 Mwa

Sereyal ki cho, tankou avwàn oswa krèm ble

Si tibebe a kapab kenbe bagay ak dwèt pous ak lendèks li, eseye ba l sereyal ki gen fòm O

Pen konplè ki san melanj

Diri oswa pat alimantè ki san melanj

Moso bwokoli, epina, chou frize ak ti pwa ki kuit, pase nan paswa, kraze oswa ki gwosè yon bouche

Ti pwa yo kapab trangle tibebe yo si w pa kraze yo

Vyann mèg, pwason ak vyann poul ki rache oswa moulen

Jòn ze ki kuit

Pwa ki kraze