Ide Manje ak Ti Goute pou Timoun Lekòl Matènèl (3-5 An)
- Akèy
- Ide Manje ak Ti Goute pou Timoun Lekòl Matènèl
Bon abitid alimantè enpòtan nan tout laj. Eseye ofri yon varyete fwi, legim, grenn antye, manje ki gen pwoteyin ak pwodui ki gen lèt(oswa altènativ pwodui ki gen lèt ranfòse). Konsantre sou manje ak bwason ki rich nan eleman nitritif pandan w ap limite sik ajoute, sodyòm ak grès satire. Pataje repa an fanmi epi enplike timoun yo nan preparasyon manje rann lè manje a amizan! Vizite MyPlate pou plis konsèy sou manje ki bon pou sante pou timoun ki nan lekòl matènèl.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Chofe fou ou a 350°F. Melanje tout engredyan yo ansanm nan yon gwo bòl. Vide pat la nan ti bwat muffin nan ak yon kiyè, plen l jis anlè. Kwit pou 15–18 minit nan fou ki deja chofe a. fè l frèt epi distrè w!
ENSTRIKSYON POU KONSÈVE
Sere muffin joumou sa yo nan yon veso ki byen fèmen nan tanperati chanm pou jiska 3 jou.Pou konsève yo pi lontan, ou ka konjele muffin yo nan yon sachè frizè sele pou yon maksimòm 3 mwa. Lè w pare pou w jwi yo, tou senpleman deglase yo nan tanperati chanm oswa chofe yo nan mikwo ond lan.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Chofe fou a a 400°F. Vide sòs la sou chak mòfin yo menm jan. Kouvri ak bekonn Kanadyen, ti moso anana, fwomaj ak 1 gwo kiyè pwavron. Mete mini pitza yo sou yon fèy boulanjri. Kwit pou 12–15 minit oswa jiskaske fwomaj la fonn. Kite l frèt pou kèk minit anvan ou sèvi.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Nan yon gwo chodyè sou yon recho ki gen dife mwayen-wo, dore vyann bèf la. Pandan vyann bèf la ap kwit, prepare lòt engredyan yo. Lè vyann bèf la vin dore, ajoute zonyon ou yo epi kite l kwit pou senk minit ankò jiskaske zonyon yo vin mou.
Yon fwa zonyon yo vin mou, ajoute mayi a, pwa yo, tomat koupe yo, sòs tomat la, poud pwavron an, kimen an, sèl la ak piman an. Chofe jiskaske li bouyi, apresa bese dife a epi kitel toufe jiskaske chili a byen chofe toupatou. Si ou vle, mete fwomaj graje, krèm tounen ak chips tòtiya sou anlè.
Fè atansyon! Timoun piti ka trangle nan ti manje ki di oswa kolan tankou rezen sèch. Toujou siveye pitit ou lè l ap manje pou ede l pa toufe.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Ajoute tout engredyan yo nan yon gwo bòl, brase pou melanje. Kouvri epi mete nan frijidè jiskaske ou pare pou sèvi.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Koupe bannann lan an moso mwayen. Mete yon moso bannann sou baton atizanal la. Tranpe bannann lan nan manba a epi woule l nan sereyal kraze a.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Koupe tèt piman vèt yo epi retire grenn yo. Mete piman yo nan yon ti asyèt. Vide 2 gwo kiyè sòs salad nan fon chak tas. Mete menm kantite legim nan chak tas goute. Tranpe epi goute!
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Chofe fou a 350 degre. Kwit pat la nan dlo bouyi jiskaske li byen kwit. Nan yon chodyè apa, chofe farin, soup ak lèt sou dife mwayen pou fè yon sòs blan ki mens (ajoute farin jiskaske li rive nan epesè ou vle a). Ajoute fwomaj nan sòs blan an, fonn li. Nan yon plat pou fou, melanje poul koupe an kib la, pat la ak legim yo. Sezonnen ak sèl ak pwav si ou vle. Vide sòs fwomaj la sou melanj poul la. Kwit pandan 30 minit.
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Chofe fou a 400 degre. Nan yon gwo bòl, melanje tout engredyan yo. Bay melanj lan fòm 20 boulet vyann 1,5 pous. Mete nan yon plat boulanjri ki pa grese (13 x 9 pous) oubyen sou yon griyaj nan yon chodyè griye. Kwit pandan 20–25 minit, oswa jiskaske mitan pa woz ankò epi tèmomèt la li 160 degre Farennayt. Bon nan espageti, sèvi sou diri oswa nouy oubyen nan yon sanndwich boulèt vyann!
ENGREDYAN
ENSTRIKSYON
Chofe fou a rive 375 degre. Grese yon fèy boulanjri lejèman ak lwil. Koupe poul la an moso 1 pous ak ½ pous chak. Mete poul la nan yon bòl epi kouvri chak ak yogout. Melanje sereyal la, tim lan ak pwav la nan yon bòl. Woule chak moso poul nan sereyal la, epi mete yo nan yon sèl kouch sou fèy boulanjri a. Kwit pou 25 minit, oswa jiskaske tèmomèt vyann ki mete nan sant nuggets yo rive nan 180 degre.