Skip to Content Skip to Footer
New Jersey WIC logo
New Jersey Wic Logo
  • Creole
    • English
    • Español
    • العربية
    • বাংলাদেশ
    • Polskie
    • Português

Pwent Tete ki Bay Doulè

Pwent Tete ki Bay Doulè

Lè w ap fenk kòmanse bay tete, pwent tete w yo ka pi sansib. Yon fwa ou menm ak tibebe w la abitye ak sa, bay tete pa ta dwe fè mal.
Pwent tete ki bay doulè ka rive:
  • Si tibebe w la pa byen pran tete a
  • Si tibebe w la souse sèlman sou pwent tete a
  • Si yo rale tibebe w la soti nan tete w pandan l ap souse toujou
  • Si w ap tire lèt ak yon flanj ki pa nan bon dimasyon oswa ak yon aspirasyon twò wo
heart-cove-icon

Sa ou ka fè:

  • Tcheke pwent tete w apre w fin bay tibebe a tete
    • Li ta dwe sanble won e long, oswa menm fòm li te ye anvan ou te bay tete a.
    • Si li sanble plat oswa konprese lè l soti nan bouch tibebe w la, tibebe w la ka ap souse sèlman sou pwent tete w.
  • Si tibebe w la souse sèlman sou pwent tete a:
    1. Kase aspirasyon l lan lè w mete dwèt ou nan kwen bouch li
    2. Kite l eseye pran tete w ankò
  • Mande WIC èd pou amelyore fason tibebe w la pran tete.

    Yo ka gade w ap bay tete pou yo ka konprann poukisa w gen doulè epi ede w rezoud pwoblèm nan.

  • Eseye chanje pozisyon chak fwa w ap bay tete. Aprann plis: Jwenn Plis Enfòmasyon
Pran tete epi kenbe
  • Apre w fin bay tete, tire kèk gout lèt epi fwote l dousman sou pwent tete w yo.

    Lèt ou a gen pwopriyete gerizon natirèl ak lwil ki kalme.

  • Kite pwent tete w yo seche nan lè a apre w fin bay tete epi mete yon chemiz koton mou
  • Mete nan soutyen w kousinen ki ka lave oswa jete pou absòbe flit yo epi chanje yo souvan.
  • Si pwent tete w yo fann, sèvi ak savon dou epi dlo pou netwaye yo.
  • Evite rad sere ak soutyen ki mete presyon sou pwent tete w yo.
  • Pa sèvi ak savon agresif, odè, oswa pwodui astrenjan sou pwent tete w yo.

Pa fòse malgre doulè a: Jwenn Èd Bonè

Sispann oswa retade bay tete ka lakòz plis doulè epi domaje pwodiksyon lèt ou.
Anvan w abandone, jwenn èd nan men WIC.
Pale ak pwofesyonèl swen sante w la, WIC, oswa yon lòt ekspè nan bay tete:
  • Si doulè a pa ale
  • Si doulè a vini sibitman
  • Anvan w itilize krèm, kousinen idrojèl, oswa yon pwoteksyon pou tete

Tete ki bay doulè ka lakòz yon enfeksyon nan tete, ki bezwen tretman nan men yon pwofesyonèl.

New Jersey Footer Logo

Kontakte Nou

1-800-328-3838 (24 Hrs) http://www.state.nj.us/health/fhs/wic/

Jwenn Plis Enfòmasyon

  • Fason pou Aplike
  • Jwenn yon Klinik
  • Ki kote mwen kapab achte?

Resous

  • Fòmasyon sou Nitrisyon
  • Alètman
  • WICShopper
  • Sèvis Kliyantèl eWIC

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.

Cookie Policy Privacy Policy

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent