New Jersey Wic

Timoun ki Difisil nan Manje

Poukisa Pitit Mwen an Difisil Nan Manje?

Menm timoun ki difisil nan manje yo gendwa gen yon rezon! Selon dekouvèt syantifik yo fè, eleman tankou konpòtman timoun nan, anbyans (oswa règ) ki genyen nan lè repa a, sa zanmi l yo manje, epi menm sa manman l manje kapab afekte sa li menm chwazi manje!

Men rezon ki fè timoun yo difisil nan manje:

Lè yo kòmanse bay yo gwo manje oubyen ti boul manje twò ta.

Lè paran yo fè presyon sou yo pou yo manje.

Lè timoun yo emosyonèl anpil.

Ki siy ki montre timoun yo difisil nan manje?

Men sa timoun ki difisil nan manje yo ka fè:

Konsèy pou ka Bay Tibebe Manje

Pa janm fòse timoun yo manje.
Kite pitit ou a deside lè vant li plen. Si li refize manje, pa fòse li. Lè ou fòse li manje, sa ka fè li pa alèz epi li ka difisil nan moman repa yo.

Eseye diferan fòm oubyen tip manje.
Tibebe yo gen preferans nan zafè manje. Genyen ki renmen manje yo ka manje ak dwèt, tandiske gen lòt ki prefere goute tikal manje pandan tout jounen an oswa bwè likid olye yo manje gwo manje. Evite manje ki trete oubyen ki pa natirèl pou ankouraje yo gen bon abitid nan zafè manje.

Chanje kadans lan.
Gen kèk tibebe ki vle manje vit, gen lòt ki vle manje lan. Èske gen risk pou w fè tibebe w la fache nan ba li manje twò vit oswa twò lan? Gen yon sèl fason pou w konnen sa: Pwochèn fwa w ap ba li manje, eseye ale dousman oswa ale yon tijan vit.

Diminye distraksyon yo.
Fè l konsantre sou manje a lè l ap manje. Fèmen televizyon an, retire jwèt ak liv yo, epi ede tibebe w la konsantre l sou yon sèl bagay: Manje.

Kite tibebe w la manyen manje a.
Gen gwo chans pou w pa manje yon manje ou pa t janm wè oparavan san ou pa verifye li. Tibebe w la fè menm bagay la. Kidonk, kite l manyen yon nouvo manje anvan w ba li l.

Swiv rit tibebe w la.
Tibebe yo kòmanse manje gwo manje ant kat (4) ak sis (6) mwa. Men, gen delè yo varye. Pa gen okenn moman ideyal pou franchi etap sa a. Pi bon moman pou kòmanse a se lè tibebe w la pare.

Konsèy pou ka Bay Timoun Manje

Kòmanse bonè! Lè ou fouye pitit ou a nan tout kalite manje anvan li gen de (2) lane, sa ka anpeche li vin difisil pi devan nan zafè manje.

Fè pitit ou a patisipe nan planifye ak prepare repa yo. Rann aktivite fè manje a amizan nan eseye nouvo resèt ak engredyan epi nan fè pitit ou a patisipe nan zafè fè acha, kuit manje, ak fè jaden.

Manje ansanm avèk fanmi ou. Pran plezi nan manje avèk fanmi ou epi pale ansanm pandan n ap manje. Pa pase tan nou nan aparèy elektwonik yo. Okontrè, pase tan ansanm, rakonte istwa ki komik epi pwofite bon moman nou pase ansanm yo.

Pa fòse yon timoun manje. Ankouraje timoun yo goute nouvo manje men evite fè diskisyon. Pa fòse yo fin manje tout sa ki nan asyèt la ni pa kite yo manje fridòdòy pandan tout jounen an. Asire ou yo grangou ase pou yo manje repa yo.

Pa bliye

Eseye konsèy sa yo avèk timoun ou genyen ki difisil nan manje a: