Tibebe ki fenk fèt yo genyen ti vant epi yo bezwen manje souvan. Siveye siyal tibebe w la bay ki di pou ba li manje. Li ap di w lè li grangou ak lè vant li plen. Nan premye semèn yo, pafwa ou ka oblije reveye tibebe w la pou w ba li manje.
Siyal ki Di pou Bay Manje
Mwen Grangou
Vant Mwen Plen
Mwen Grangou
L ap souse men l oswa l ap bat bouch li
Li vire tèt li pou
l chèche tete a
L ap ouvri ak fèmen bouch li
Vant Mwen Plen
Li lage kò l epi li ouvri pwen li
Li vire do l bay tete ou oswa pwent tete ou
Dòmi pran l
Pouse Kwasans
Tout tibebe ap genyen anpil pouse kwasans nan premye ane a. Yo kapab fè tibebe w la anvi pran tete oswa manje pi souvan. Pouse kwasans yo jeneralman rive lè tibebe w la gen anviwon 2 a 3 semèn, 6 semèn, 3 mwa ak 6 mwa. Pouse kwasans yo ka pa rive nan moman egzak la, epi chak tibebe diferan. An jeneral, pouse kwasans yo dire kèk jou.
2 a 3 semèn
6 semèn
3 mwa
6 mwa
Tibebe ki Tete
Alètman nan depi nan kòmansman se yon moman kote ou menm ak tibebe w la ap aprann. Tank tan ap pase, l ap vin pi fasil pou nou toulède.
Tibebe ki fenk fèt yo tete pandan tout jounen ak lannuit anviwon 8 a 12 fwa pandan 24 èdtan. Yo pa gen orè epi yo renmen manje souvan.
Kit tibebe w la tete kit ou ba li lèt ou ponpe, ba li manje lè li montre siy ki di li grangou.
Lè w fè alètman sèlman pandan premye mwa a, sa ap pèmèt ou kreye yon bon rezèv lèt pou lavni.
Pandan yon pouse kwasans, tibebe w la ka tete pandan pi lontan epi pi souvan. Yo rele sa tete an gwoup oswa san rete.
Tibebe ki Pran Lèt nan Bwat
Lè tibebe w la fenk fèt, li senpman bezwen 1 a 2 ons lèt nan bwat pou tibebe ki anrichi ak fè nan chak repa.Apre premye semèn nan, tibebe ki fenk fèt yo souvan pran 2 a 3 ons lèt nan bwa chak 3 a 4 èdtan.
6 a 8 liv:
15 a 20 ons pa jou
8 a 10 liv:
20 a 25 ons pa jou
10 a 12 liv:
25 a 32 ons pa jou
Nan fen premye mwa a, tibebe ki fenk fèt la ka pran jiska4 ons chak 4 èdtan.
Bay tibebe w la manje chak lè li montre siy ki di li grangou.
Se pa yon pwoblèm si tibebe w la pa bwè tout sa ki nan bibwon an, kite li di w lè l fini.
Alètman nan bibwon ki mezire pèmèt tibebe w la di w lè vant li plen. Pou w jwenn plis enfòmasyon, mande Nitrisyonis WIC ou an oswa Konseye ou nan zafè Alètman.