Yon “grèv” tete se lè tibebe w la te byen tete pandan plizyè mwa epi bridsoukou li kòmanse refize tete a. Jeneralman, sa pa vle di ti bebe w la pa pare pou sevre.
Yon grèv tete ka vle di tibebe w la ap eseye fè w konnen yon bagay pa bon. Tout tibebe diferan epi yo pa pwal reyaji menm jan an. Gen kèk tibebe ki pwal kontinye tete san pwoblèm. Gen lòt tibebe ki ka jis vin difisil nan tete a. Epi gen lòt tibebe ki pwal refize tete a nèt.
Si tibebe w la ap fè yon grèv tete, li nòmal pou w santi w fristre ak fache, sitou si tibebe w la pa kontan. Pran pasyans ak tibebe w la epi kontinye eseye ofri tete w yo.

Eseye tire lèt ou menm kantite tan tibebe a te konn pran tete pou evite angòjman ak kanal bouche.

Eseye yon lòt metòd pou bay tibebe a lèt ou tanporèman, tankou sèvi ak yon tas, yon goutè, oswa yon kiyè.

Siveye kouchèt mouye ak sal tibebe a pou asire w ke li jwenn ase lèt.

Kontinye ofri tete w bay tibebe w la. Si tibebe w la fristre, sispann, epi eseye ankò pita. Ou kapab ofri tete w tou lè tibebe w la gen anpil somèy oswa ap dòmi.

Eseye diferan pozisyon pou bay tete, ak po w kole ansanm ak po tibebe w la.

Konsantre sou tibebe w la epi rekonfòte l avèk plis touche epi karese.

Bay tibebe w la tete nan yon chanm trankil ki pa gen anpil distraksyon.

Si w ap enkyete w sou tibebe w la ki pa jwenn ase lèt, pale ak pwofesyonèl swen sante li. Yo ka pran pwa tibebe w la ankò.