Pifò fanm ap santi tete yo vin gwo, plen, lou, epi sansib anviwon 2 a 5 jou apre akouchman.
Santiman tete plen sa a nòmal. Li se rezilta yon ogmantasyon nan pwodiksyon lèt – ki se yon bon bagay! Bay tibebe w tete souvan ap soulaje santiman plen sa a.
Tete rèd diferan ak tete plen nòmal.
Tete rèd rive si tete w yo vin twò plen. Sa lakòz doulè, enflamasyon, chalè, woujè, batman kè, ak tete yo ki vin di. Li kapab lakòz tou yon ti lafyèv epi li ka mennen nan kanal lèt bouche oswa yon enfeksyon nan tete.
Si tibebe w la pran tete byen epi li souse, kite l tete kantite tan ke li vle sou premye tete a anvan ou ba li dezyèm tete a.
Si ou rate yon tete, tire lèt ak ponp oswa ak men pou soulaje tete plen an.
Sipleman ka diminye pwodiksyon lèt ou epi lakòz tete yo vin plen depase akoz alètman ki rate.