Gen kèk fanm ki gen pwent tete ki vire anndan olye pou yo pwente deyò oswa ki plat epi ki pa soti. Pwent tete yo ka plat kèk fwa pou yon ti tan akòz angòjman oswa enflamasyon nan bay tete. Pwent tete envèse oswa plat ka pafwa fè li pi difisil pou bay tete. Men sonje byen, pou bay tete, tibebe w la dwe pran ni pwent tete a ni tete a, kidonk menm pwent tete envèse ka mache byen. Pwent tete plat ak envèse ka soti plis sou yon tan pandan tibebe a ap souse plis.
Tete ki twò gwo ka fè li difisil pou tibebe a mete ase pwent nan bouch li pou konprese kanal lèt yo epi jwenn ase lèt.
Tete Plat
Tete Envèse
Tete ki Gwo Anpil