Skip to Content Skip to Footer
New Jersey WIC logo
New Jersey Wic Logo
  • Creole
    • English
    • Español
    • العربية
    • বাংলাদেশ
    • Polskie
    • Português

Gid pou Nouri Tibebe

  • Akèy
  • Fason pou Bay Tibebe ki Gen ant 8 ak 9 Mwa Manje​
Download

Fason pou Bay Tibebe ki Gen ant 8 ak 9 Mwa Manje

Baby Eating High chair

Ofiyamezi tibebe w la ap grandi epi aprann nouvo teknik manje yo, eseye ba li teksti ak kalite manje ki diferan. Natirèlman, tibebe yo vle goute nouvo manje. Si tibebe w la pa renmen yon nouvo manje nan premye esè a, ba li l ankò pita.

Tibebe yo dekouvri manje yo nan pran sant, nan goute ak nan manyen. Yo ka goute yon manje 10 fwa anvan yo manje li.

Tibebe ki Tete
  • Kontinye bay tibebe w la tete nenpòt lè li vle.
  • Si tibebe w la pa twò anvi pran tete a apre w fin fouye li nan gwo manje, eseye ba li tete anvan w ba l gwo manje.
  • Lèt manman se sous nitrisyon ki pi enpòtan pou tibebe w la, menm apre ou kòmanse ba li gwo manje.
  • Ba li lèt manman oswa dlo nan yon gode.
Tibebe ki Pran Lèt nan Bwat

24 a 32 ons

pa jou

Tibebe w la bezwen anviwon 24 a 32 ons pa jou nan lèt nan bwat ki anrichi ak fè. Ba li lèt nan bwat nan yon gode.
SEREYAL KI GRENN

4 a 8 gwo kiyè pa jou. Sereyal san melanj ki anrichi ak fè pou tibebe. Diri oswa pat alimantè ki san melanj. Bonbon sèl pou tibebe, ti moso pen oswa tòtiya ki mou.

LEGIM

8 a 12 gwo kiyè pa jou. Legim ki kuit san melanj, ki kraze avèk fouchèt.

FWI

8 a 12 gwo kiyè pa jou. Fwi mou ki kale an ti moso. Fwi nan bwat konsèv ki pa sikre.

PWOTEYIN

4 a 8 gwo kiyè pa jou. Vyann wouj, vyann bèt volay, ze, pwason oswa pwa ki kuit kraze ki moulen fen, ki rache oswa koupe an kib. Fwomaj blan oswa fwomaj lejè. Manba ki lis epi ki pwès, yon vyepti kouch.

Men kèk egzanp gwosè pòsyon repa ak ti goute ou ka jwenn nan asyèt mwen.

Manje maten

Lèt manman
oswa lèt nan
bwat pou
tibebe

breakfast

Lèt manman oswa lèt nan bwat pou tibebe

2 gwo kiyè sereyal avwàn ki tou pare pou tibebe
2 gwo kiyè ze bwouye

Manje midi

4 gwo kiyè franbwaz
ki rache

3 gwo kiyè pwa
frans ki kraze epi
ki kuit

lunch

4 gwo kiyè franbwaz ki rache

3 gwo kiyè pwa frans ki kraze epi ki kuit

Lèt manman oswa lèt nan bwat pou tibebe
2 gwo kiyè vyann poul ki rache epi ki kuit

Ti goute

2 gwo kiyè kiwi
ki rache

snacks

2 gwo kiyè kiwi ki rache

Lèt manman oswa lèt nan bwat pou tibebe
2 gwo kiyè ti moso pen ki fèt ak ble

Manje aswè

4 gwo kiyè fwi ki rele pwa nan bwat konsèv ki pa sikre epi ki rache

5 gwo kiyè patat ki
kraze epi ki kuit

dinner

4 gwo kiyè fwi ki rele pwa nan bwat konsèv ki pa sikre epi ki rache

5 gwo kiyè patat ki kraze epi ki kuit

Lèt manman oswa lèt nan bwat pou tibebe
2 gwo kiyè diri konplè ki kuit
2 gwo kiyè pwa nwa ki kraze epi ki kuit
New Jersey Footer Logo

Kontakte Nou

1-800-328-3838 (24 Hrs) http://www.state.nj.us/health/fhs/wic/

Jwenn Plis Enfòmasyon

  • Fason pou Aplike
  • Jwenn yon Klinik
  • Ki kote mwen kapab achte?

Resous

  • Fòmasyon sou Nitrisyon
  • Alètman
  • WICShopper
  • Sèvis Kliyantèl eWIC

Enstitisyon sa a se yon founisè opòtinite egalego.

Cookie Policy Privacy Policy

© Brush Art Corporation

  • Email
  • SMS
If you are using multiple emails, separate them with commas.

    SMS Communication Consent