Itilize lèt manman oswa lèt nan bwat pou w prepare 2 a 4 gwo kiyè sereyal ki anrichi ak fè pou tibebe tankou avwàn, lòj, ble ak diri.
Ba li l de de (2) fwa pa jou. 2 a 4 gwo kiyè ti moso pen sèk ak bonbon sèl pou tibebe.
Ou ka mete manje pou tibebe w la manje ak dwèt li lè li gen anviwon 8 mwa. Lè li pare, ba li l de (2) fwa pa jou.
4 a 8 gwo kiyè pa jou. Legim ki kuit, pire oswa kraze tankou pwa frans, patat, joumou oswa kawòt.
2 a 4 gwo kiyè pa jou. Fwi ki kuit, pire oswa kraze tankou sòs pòm, pèch oswa fig mi.
2 a 4 gwo kiyè pa jou. Vyann wouj, vyann bèt volay, ze, pwason oswa legiminez san melanj ki pase nan paswa, ki kraze oswa ki pire. Ou ka ajoute yogout lis ki fèt ak lèt antye Manba ki fèt ak pistach oswa ak nwa ki delye epi ki lis.
Men kèk egzanp gwosè pòsyon repa ak ti goute ou ka jwenn nan asyèt mwen.
3 gwo kiyè fig
mi ki kraze
3 gwo kiyè fig mi ki kraze
3 gwo kiyè pire
pwa frans
3 gwo kiyè pire pwa frans
3 gwo kiyè
pire pòm
3 gwo kiyè pire pòm
3 gwo kiyè
pire kawòt
3 gwo kiyè pire kawòt